Yon pwogram pou ede timoun yo enplike yo nan rezolisyon pwoblèm kominote yo

Rejwenn nou

Se yon pwogram ki aprann timoun yo reflechi sou bezwen kominote yo epi travay ansanm nan rezolisyon pwoblèm sa yo

Objektif nou: chak ane, pèmèt plizyè milye timoun reyalize plizyè pwojè kominotè ki kapab kontribiye nan rezolisyon pwoblèm ke yo ap rankontre nan kominote yo

Pou sa rive posib, nou itilize yon pwosesis an 4 etap ki rele FIDS (Feel, Imagine, Do & Share) Pwosesis sila chita filozofi Design for change lan ki kwè ke timoun yo tou kapab kontribiye nan rezolisyon pwoblèm yo.

REJWENN NOU PANDAN KAT GRAN ETAP YO!

Aktivatè Chanjman

Yon fòmasyon anliy oubyen an prezansyèl ki ede pwofesè, edikatè, lidè kominotè, ak tout moun ki renmen travay ak timoun ki jan yo kapab entegre filozofi Design For Change lan nan aktivite yo.

Lendi, 2 oktòb 2023 – Anliy

Aprann plis sou fòmasyon sila a →

Defi Mwen Kapab

Se yon aktivite anyèl ki ankouraje pwofesè lekòl, edikatè ak lidè kominotè akonpanye yon gwoup timoun nan rezolisyon yon pwoblèm timoun sa yo idantifye a travè yon pwojè kominotè

Lendi, 30 oktòb 2023 – nan lekòl ak òganizasyon timoun yo

Aprann plis de pwogram nan →

Festival Mwen Kapab

Yon jounen aktivite pou selebre reyalizasyon chak gwoup timoun avèk lidè yo epi pèmèt patisipan yo dekouvri tout bèl pwojè timoun yo rive reyalize pou yo enpakte kominote yo. 

Dimanch, 24 desanm 2022 – Lokal pou byento

Jwenn plis enfo sou sware sa a →

Rapò & Enspirasyon

Se pa grav si ou te rate dènye edisyon pwogram Pepinyè Pou Chanjman. Si ou bezwen konnnen kisa ki te fèt oubyen jwenn enspirasyon pou ou angaje w, faz sa a se pou ou.

Dimanch, 31 desanm 2023

Jwenn dènye rapò ak reyalizasyon yo →

Jèn aktè chanjman

Edikatè anbasadè

Pwojè deja reyalize

Benefisyè dirèk

Aktyalite & Konsèy

Rete konekte ak nou pou tout konsèy, enfòmasyon

Patnè ak esponsò nou yo